Prezidan Trump Pale de "Impeachment", Posiblite pou Kongrè a Jije li

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deside pale piblikman de posiblite pou kongrè a ta jije li ak posiblite pou revoke li a travè yon pwosesis yo rele an anglè “impeachment”). M. Trump deklare:

Si jamè yo ta òganize yon “impeachment” kont mwen, mwen panse mache-d-la bous la t ap kraze. Mwen panse tout moun t ap viv pòv; paske si nèg sa a pa la pou l ap panse, kote ou wè gwo pwogrè sou mache a, se degrengolad ou t ap wè; se le kontrè ki t ap rive.”

Prezidan Trump, ki pale konsa nan yon entèvyou li bay chèn televizyon Fox TV --entèvyou La Mezon Blanch pibliye nan kòmansman jounen jedi 23 out la- te lonje dwèt sou tèt pa l lè li t ap di “si nèg sa a pa la pou l ap panse” a. Ansuit li poze kesyon pou l mande kijan yo kapab jije e revoke li “si l ap fè yon si bon travay.”

Agoch, Paul Manafort, ansyen chèf kanpay elektoral Donald Trump la, epi Michael Cohen, ansyen avoka pèsonèl Prezidan Trump.

Pandan 2 jou ki pase yo pawòl jijman prezidan an parèt nan konvèsasyon yo pi souvan ke anvan apre jiri yon tribinal federal nan Eta Vijini te jwenn ansyen chèf kanpay elektoral Trump la, Paul Manafort, koupab pou 8 chèf akizasyon pou fwod. Ansuit Mike Cohen, yon avoka ki te pase lontan ap travay pou prezidan an, te chache jwenn yon antant avèk lajistis nan yon tribinal nan New York kote li admèt li te peye 2 fi (ladan yo genyen yon vedèt film pòno) bon jan lajan kèk jou sèlman anvan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. Li te peye medam yo kòb sa a pou yo pa t fè bri ak yon relasyon entim yo te genyen avèk Donald Trump.

Nan mesaj Prezidan Trump pibliye sou kont Twitter li e nan entèvyou avèk Fox TV a, li akize Mike Cohen deske li di anpil bagay ki pa laverite yon fason pou l ka jwenn yon bon trètman nan men lajistis.

Pa le fèt ke Mèt Cohen admèt li te vyole lwa sou kanpay elektoral yo lè l te peye lajan an e poutèt li mele prezidan an nan vyolasyon an lè l deklare se M. Trump ki te ba li lòd pou l fè sa, kèk analis politik fè konnen sa ka sèvi kòm baz pou kongrè a jije prezidan an; men kèk lòt analis di yo pa kwè sa