Rapo Transparency International Sou Kout-Lajan Anba Tab pou Achte Favè nan Biznis Aletranje

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Daprè yon rapò Transparency International pibliye, kout-lajan anba tab moun bay ofisyèl peyi etranje pou yo benefisye kèk favè, se yon pratik ki la toujou e ki byen vivan.

Rapò a fè konnen pa tèlman gen anpil bagay ki chanje nan 2 zou 3 ane ki pase yo nan fason gouvènman yo fè aplike lwa peyi yo genyen pou konbat tip koripsyon sa a. Jodiya, se 7 gwo peyi sèlman ki pini konpayi ki ofri otorite etranje lajan pou yo kapab jwenn bon deal biznis ak gouvènman yo.

Lèzetazini se youn nan 7 peyi sa yo. Dapre Transparency International, 7 peyi yo mete ansanm genyen 27 pou san tout ekspòtasyon k ap fèt nan lemond. 6 lòt peyi yo se Lalmay, Izrayèl, Itali, La Nòvèj, Laswis ak La Grann Bretay.

Dapre rapò a, ant 2014 e 2017, Lètazini te ouvri omwens 32 ankèt, li te fè jijman sou 13 ka tandiske 98 pwosè ki te abouti te konsènen kout-lajan anba tab. Serai akstyon lapolis ak lajistis te poze nan ane 2016 la te ogmante pa rapò ak ane anvan yo; e otorite ameriken yo te kondane koupab yo pou yo peye 2 milya 500 milyon dola.

Dènye rapò Transparency International te pibliye sou kesyon an te parèt an 2015. Li te site 4 peyi sòlman kote gouvènman yo t ap tavay aktifvman pou yo konbat kout-lajan anba tab pou favè nan men otorite etranje. Peyi sa yo sete: Lalmay, Laswis, La Grann Bretay ak Lèzetazini.

Sepandan, le fèt ke rapò a nonmen 3 nouvo peyi (Izrayèl, Itali, ak La Nòvèj) pami peyi k ap redi seryezman pou konbat fenomèn nan, sa vin pèdi ekla li akoz 4 lòt peyi ki fè bak nan efò sa yo. Se Ostrali, Kanada, Fenland avèk Kore di Sid. Rapò a di:

"Malerezman, pa tèlman gen gwo chanjman nan nivo jeneral lit k ap fèt pou konbat kout-lajan anba tab pou favè nan biznis ak peyi etranje."