7èm Anivèsè Gwo Tranblemanntè ki Te Devaste Pòtoprens la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premyè Dam Lèzetazini an, Michele Obama, ak Jill Biden, Madan Vis Prezidan Joe Biden, te ale Potoprens nan dat 13 avril 2010 kote yo te vizite kèk nan zòn tranblemanntè a te devaste plis yo. (Foto: Samantha Appleton/13 avril 2010).

Nan peyi d Ayiti, jedi 12 Janvye 2017 la make 7èm anivèsè yon tranblemanntè ki te devaste kapital la, Pòtoprens, kote plis pase 250 mil moun te pèdi lavi yo.

Gwo kokenn soukous la te detwi plizyè edifis piblik ak prive, plizyè enstitisyon relijye, eskolè ak inivèsitè. An plis kapital la, vil tankou Leyogàn, Gran Gwav, Ti Gwav ak Jakmèl te sibi gwo dega tou nan goudougoudou a.

Nan okazyon an, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pran kontak ak kèk jewolog ayisyen ki di yo gen kè-sote devan posiblite pou yon dezas natirèl menm jan an ta frape peyi a san popilasyon an an jeneral ak moun kap viv nan rejyon a-risk yo an patikilye, pa gen edikasyon ak motivasyon ki nesesè pou pèmèt yo evite repetisyon gwo devastasyon gwo kokenn soukous 12 janvye 2010 la te koze yo.

Espesyalis sa yo lanse apèl bay otorite yo pou mande yo mete sou pye yon plan kontenjans pou limite kantite viktim envantyèl yo ak dega posib yo.