Responsab Imigrasyon Amerikèn yo Deside Renouvle TPS la pou 6 Mwa pou Imigran Ayisyen yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Responsab Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly.

Responsab Sekirite Teritoryal Etazini an John Kelly anonse Jodi lendi 22 me 2017 la li deside pwolonje stati pwoteksyon tanporè a pou 6 mwa pou imigran ayisyen ki te deja genyen l yo. Nòt pou laprès la di pwolongasyon TPS la ap antre an aplikasyon 23 jiyè 2017 la, e lap exspire 22 janvye 2018.

Lavwadlamerik ap vin ak plis enfòmasyon sou desizyon sa a ki soti jodi a nan Depatman Sekirte Teritoryal ak Ladwàn Etazini an.