Ki Sak Ka Rive Moun Ki Rate Delè 24 Jiyè pou Renouvle TPS yo? Avoka Imigrasyon Larry Fleurantin Ap Eksplike

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon seremoni natiralizasyon kote anpil imigran--pami yo plizyè ayisyen--tap prete sèman pou vin sitwayen ameriken nan Sèvis Imigrasyon Etazini, USCIS, nan Miami. 5 jen 2014. (Foto: AP/Lynne Sladky)

Nan mwa me 2017 la, Depatman Sekirite teritoryal Etazini an te pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a, TPS, pou ayisyen pou yon peryòd 6 mwa. Nan yon nòt pou laprès, otorite ki responsab kesyon imigrasyon yo Ozetazini te mande pou ayisyen ki gen TPS yo re-enskri avan dat 24 jiyè 2017 la. Sepandan, anpil moun ap poze kesyon sou ki sa ki kapab pase si yon moun pa gentan re-enskri avan dat sa a?

Avoka imigrasyon Larry Fleurantin ki baze nan Miami, te abode kesyon an nan yon entèvyou ak Chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald Cesar. Mèt Fleurantin bay konsèy tou pou ayisyen ki gen stati tanporè a konsènan ekzijans yo genyen pou yo re-anrejistre. Avoka imigrasyon an di ki jan de dokiman entèrese yo ap bezwen prepare pou yo kapab re-anrejistre pou TPS la ak fè yon demand otorizasyon travay ki valid.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Mèt Fleurantin an.

Your browser doesn’t support HTML5

Avoka Imigrasyon Mèt Lary Fleurantin sou Delè pou Ayisyen Renouvle TPS yo Ozetazini