Sena Ayisyen an Gen yon Nouvo Biwo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm nouvo biwo Sena ayisyen an kikonpoze ak: Senatè Karl Mura Cantave kòm prezidan, Senatè Jean Mary Junior Salomon kòm vis prezidan, Senateur OnonDieu Louis kestè, Gracia Delva vis kestè,Wilfrid Gelin, Senatè Dieupie Chérubin ak Wilio Joseph respektivma

Men jan ak chanm depite yo, yon nouvo biwo 6 manm enstale nan tèt Sena ayisyen apre eleksyon pou ranplase ansyen biwo a nan sware jedi 17 janvye 2019 la.

Nouvo biwo a gen ladan, Senatè Karl Mura Cantave kòm prezidan, li ranplase nan pòs sa a Senatè Joseph Lambert. Senatè Jean Mary Junior Salomon kòm vis prezidan li ranplase Pierre François Syldor ki te kandida pou pòs prezidan, Senatè OnonDieu Louis kestè, Gracia Delva vis kestè li ranplase Wilfrid Gelin, Senatè Dieupie Chérubin ak Wilio Joseph respektivman premye sekretè ak dezyèm sekretè ki yo menm rekondui nan pòs sa yo.

Tou swit apre eleksyon an manm biwo yo prete sèman epi antre anfonksyon. Manda yo ap bout madi an apre asanble nasyonal dezyèm lendi mwa janvye 2020 pwochen an swa nan peryòd yon lane. Kontrèman ak chanm depite yo, Sena ayisyen an paka reeli menm prezidan an 2 fwa selon lalwa.

Chanm Depite a bò kote pa yo te deja fè eleksyon pou yon nouvo biwo kote yo rekondui Depite Gary Bodeau kòm Prezidan chanm bas la. Depite yo bay Gary Bodeau yon lòt manda kòm prezidan chanm bas la dapre eleksyon ki dewoule madi 15 janvye 2019 la. Lòt manm nan biwo a se: Caleb Desrameaux, Vis-prezidan o seyans, Jean Étienne, Vis-prezidan Afè Administrativ, Marie Gladice St Jean Lundy, Premye Sekretè.