Otorite Tirk yo Gen Video yon Endividi yo Sipèk ki ta Responsab Atak nan "nightclub" Istanboul lan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto yon Endividi yo Sipè ki ta Touye 39 Moun nan Bwad De Nui an Istanboul an.

Laprès nan peyi Tirki pibliye video yon mesye ki, dapre sa yo di, se eleman otorite yo sispèk ki te touye 39 moun nan yon atak premye Janvye 2017 la nan yon nightclub nan Istanboul.

Video a sanble fèt nan yon telefòn selilè ke mesye a te gen sou li pandan li t ap mache sou plas Taksim nan Istanboul pey Tirki.

Li pa klè ki lè anrejistreman video a te fèt.

Laprès nan Tirki rapòte ke otorite yo arete 2 sitwayen etranje nan aewopò Ataturk nan Istanboul an koneksyon ak atak la.

Vis-premye minis Tirki, Numan Kurtulmus, te di repòtè yè lendi 2 janvye a otoriteyo kenbe anba men yo 8 lòt moun.