Lame peyi Tirki fè konnen yon frap aeryen ris touye pa erè 3 solda tirk nan nò peyi Siri.
Yon kominike militè fè konnen lame ris tap mennen yon operasyon ki vize gwoup Eta Islamik la nan moman ensidan an.
Kominike a fè konnen Prezidan ris la, Vladimir Putin, rele tokay li nan Tirki Recep Tayyip Erdogan pou prezante l kondoleyans.
Kremlen fè konnen tou le 2 pati yo antann yo pou yo gen plis kolaborasyon militè nan Siri.