Washington ak Moskou ap Travay pou yon Solisyon Pasifik pou Konfli Entè-Koreyen an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavrov (agoch) ak Sekretè Deta Rex Tillerson.

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, ak minis afè etanjè Larisi a, Sergei Lavrov, "mete yo dakò pou yo kontinye travay pou yon solisyon diplomatik nan rechèch solisyon pou yon denikleyarizasyon preskil Kore a." Se sa Depatman Deta anonse nan jounen mèkredi 27 desanm 2017 la.

Daprè yon deklarasyon Lèzetazini fè parèt, 2 chèf diplomasi yo pale nan telefòn madi pou yo te diskite sou preokipasyon yo genyen akoz "pwogram nikleyè destabilizatè Kore di Nò a e yo ensiste sou le fèt ke ni Lèzetazini ni Larisi pap aksepte Kore di Nò" kòm yon puisans nikleyè.

Lavrov Tillerson

Yon jou anvan sa -swa madi 26 desanm 2017 la- ministè afè etranjè Larisi a te anonse Misye Lavrov te fè kòlèg ameriken li a konnen "diskou agresif otorite yo nan Washington" fè tansyon an monte sou Preskil Kore a. Larisi deklare tou jan ofisyèl ameriken yo pale sou dosye a se yon bagay ki innakseptab.

Pandansetan Depatman Trezò Lèzetazini an anonse li pran sanksyon tou nèf kont 2 otorite nò-koreyen poutèt wòl yo jwe nan pwogram misil balistik Pyongyang nan.