Otorite Britanik yo Di Larisi Ta Responsab Anpwazonman yon Ansyen Ajan Doub li

Premye Minis Britanik la Theresa May

Premye Minis Britanik la, Theresa May, di gouvènman li a rive jwenn prèv ki montre sanble Larisi ta responsab yon atak ki fèt nan kòmansman mwa mas la sou yon ansyen ajan doub ris Sergei Skripal ak yon pitit fi li, Yulia.

Madam May --ki te pran lapawòl devan palman Britanik la-- deklare pwodui chimik ki te sevi nan atak la se yon sibstans lame Ris la te devlope.

Pandansetan, nan Moskou Prezidan Vladimir Putin pale nan kòmansman jounen jodi lendi 12 mas 2018 la e li fè konnen gouvènman Britanik la dwe klarifye pozisyon li sou pwazon lap pale a avan pou Larisi aksepte pale de kesyon an.