Prens kouwone pou peyi Thailand, Maha Vajiralongkorn, moute sou twòn nan kòm nouvo wa peyi a, sa ki make yon nouvo epòk nan istwa Tailand apre rèy 70 lane defen papa li, Bhumidol Adulyadej, ki mouri nan mwa Oktòb pase a.
Laprès nan Tailand rapòte byen ta jedi 1 desanm 2016 la ke prens kowone a ki gen 64 lane te aksepte yon envitasyon pou l moute sou twòn nan e ke se Prezidan Asanble lejislatif Nasyonal la, Pornpetch Witchitcholchai ki te prezante envitasyon an ba li.