Ayiti-Meteo – Otorite yo Leve yon Alèt Wouj yo te Mete sou Peyi a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, Biwo Pwoteksyon Sivil ak Sant Nasyonal Meteowoloji leve alèt wouj responsab yo te dekrete pou popilasyon tou 10 depatman jewografik yo akoz yon depresyon twopikal ki te menase peyi a; finalman yo estime sistèm nan pa reprezante yon danje pou Ayiti. An tou ka, direktè Sant Metewoloji a a, Ronald Semelfort, ki reponn kesyon Lavwadlamerik, mande moun k ap viv nan zòn a risk yo pou yo kontinye rete veyatif.

Pandan jounen lendi premye out 2016 la, otorite yo te entèdi vòl avyon ki ta prale ou ki tap sòti nan ayeropò Jakmèl, Okay, Pòtoprens ak Jeremi pa mezi de prekosyon. Entèdiksyon an te aplikab pou transpò maritim nan tou.

Your browser doesn’t support HTML5

Ronald Semelfort, direktè Sant Meteowoloji Nasyonal Ayiti a.

Klike sou lyen ki anlè a pou w koute Misye Semelfort kap di kijan sitiyasyon an prezante pou jounen madi 2 daout la.