Tanpèt Twopikal Isaias Pran Fòs pou L Tounen Yon Siklòn

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto sa a bay yon ide de dega Tanpèt Twopikal Isaias koze nan Repiblik Dominikèn jedi 30 jiyè 2020 an. (Foto: Oleh Erika SANTELICES / AFP)

Sant Nayonal Siklòn Lèzetazini an, ki gen baz li nan Miami, nan Eta Florid, fè konnen Tanpèt Twopikal Isaias pran fòs seryezman pou l tounen kounyela a yon siklòn ki ranmase van k ap deplase ak yon vitès masimòm 130 kilomèt alè pandan l ap pase bo kote kèk nan Grann Zantiy yo, pi presizeman nan pati lwès Basen Karayib la. Responsab yo lanse yon avètisman anti-siklòn pou pati nodwès, sidès avèk santral Il Bahamas yo. Anvan sa, kòm yon tanpèt twopikal, Isaias te frape Pòtoriko avèk Repiblik Dominikèn kote li te koze blackout ak glismannteren. Yon avètisman anti-tanpèt rete an vigè pou kòt nò ak kòt sid Repiblik Dominikèn, pou kòt nò Peyi d Ayiti e pou tout Zile Turks and Caicos yo, daprè Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an.

Ajans nouvèl Associated Press (AP), bò kote pa l, te rapòte byen ta nan jounen jedi a ke gwo van puisan Tanpet Twopikal la te pote avèk li te frape Pòtoriko ki, jiskaprezan, kontiinye ap repran pye anba dega plizyè lòt siklòn ak tranblemanntè, sa ki gte transfòme anpil ri an rivyè lavalas epi chavire pyebwa, poto telefòn ak kab elektrik. Plis pase 100 mil moun -pa gen bon dlo pou yo bwè nan Pòtoriko. Dapre ajans AP, 14 pousan nan poto-relè ki te enstale pou falisite fonksyonnman sèlfòn nan Il la, tonbe atè. Sekouris te oblije kouri al pote asistans bay anpil fanmi pòtorikèn ki pa t vle kite kay yo pou yo al pran refij nan azil, paske yo te pè pou yo pa trape maladi kowonaviris la nan refij sa yo.