'Sètase' Dè Milye Ameriken Pran Lari pou Mande Nouvo Mezi Anti-Zam

Ameriken patisipe nan dezyem jounan Mach pou Lavi a pou mande plis kontwol sou lavant zam Ozetazini. Foul sa a rasanble devan moniman Washington nan, Samdi 11 Jyen, 2022.

Dè milye moun rasanble ozalantou National Mall la (yon gwo plas piblik ki sitye ant Lamezonblanch ak Kongrè a) ak toupatou Ozetazini pou mande nouvo mezi pou kontwole zam apre yon seri fiziyad ki lakoz yon pakèt moun mouri.

Militan yo di sak pase nan Uvalde, Texas ak Buffalo, Nouyok ta dwe pouse Kongrè a pou'l pase a l'aksyon.

Majistra vil Washington, Muriel Bowser deklare "sètase" e li ankouraje palmantè yo pwoteje timoun yo kont zak vyolans ak zam.

Chak moun ki pran la pawol pandan manifestasyon an lanse apèl bay senatè yo, ke yo konsidere tankou yon obstak pou pwojè lwa yo ta renmen pase, pase a l'aksyon si yo pa vle elektè yo ranplase yo nan pwochen eleksyon an.

Prezidan Joe Biden, ki te nan Kalifoni lè manifestasyon an te tanmen, deklare mesaj li pou manifestan yo se "kontinye pran lari."