Siri: Militan Dwa-Moun fè Konnen Atak yo Kontinye Sou Vil Homs

Siri: Militan Dwa-Moun fè Konnen Atak yo Kontinye Sou Vil Homs

Nan Siri, militan dwa-moun yo fè konnen twoup gouvènmantal yo lanse atak sou vil Homs ki nan aktyalite a depi kèk tan deja, e kote yo bonbade pliyzè zòn, yon jou aprè chèf ajans dwa moun l’ONU an, Wo Komisè Navi Pillay, te pale pou l di le fèt ke Konsèy Sekirite a pa pase alaksyon devan degradasyon sitiyasyon an nan Siri, sa pèmèt gouvènman Prezidan Bashar al-Assad gonfle ponyèt li plis toujou.

Pandan misye Pillay te pran lapawòl devan Asanble Nasyon Zini an, li fè konnen ogmantasyon kantite abi sòlda siryen yo kontinye komèt sou pèp la, montre aklè krim kont limanite ap dewoule nan peyi a depi mwa Mas 2011 la e sitiyasyon sa-a ap vin pi grav.

Misye Pillay di: “Mwen espesyalman revòlte devan gwo seri atak k ap fèt sou vil Homs yo. Depi dat 3 fevriye a, nan seri atak ki ogmante sou vil la, gouvènman an itilize tank, machin blende, mòtye, wòkèt ak gwo zam lou pou li kraze vil la.”

Nouvèl yo fè konnen plizyè santèn moun mouri nan vil Homs depi twoup gouvènmantal yo te kòmanse atake divès katye nan vil sa a.