Final Chanpyona Football Ameriken an: Philadelphia Eagles Bat New England Patriots: 41 - 33

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Jwè ekip Philadelphia Eagles, Nick Foles, ki leve trofe Vince Lombardi a anlè apre viktwa ekip la sou New England Patriots dimanch 4 fevriye 2018 la. (Foto: AP/Chris O'Meara).

Ekip Filadelfi a (The Philadelphia Eagles) ki te ale nan final chanpyona football ameriken an (Super Bowl) kòm yon ti Sandriyon -paske preske tout pwonostik te prevwa li ta pral pèdi devan chanpyon an tit la, The New England Patriots- etone preske tout moun ak yon viktwa ekstwòdinè: 41 a 33. Match la te dewoule nan vil Minneapolis, Eta Wisconsin, nan sware dimanch 4 fevriye 2018 la. Yon fwa match la te fini, nan Filadelfi --ki sou yon distans 1700 kiomèt ak estad kote jwèt la dewoule a-- fanatik yo pat pran tan pou yo pan lari pou yo selebre.
Mesye Eagles yo te patisipe 2 fwa deja nan Super Bowl la; men se premye fwa yo ranpòte li pandan tout istwa ekip la. Fanatik Filadefi yo te pouse selebresyon yo a rive nan yon pwen kote lapolis te oblije pase a laksyon kèk fwa. Byen bonè nan jounen lendi a, mèri vil la te voye travayè al netwaye lari yo pou wete moso fenèt ki te kraze ak panno sikilasyon moun yo te rache pandan yo t ap selebre viktwa a.

Fanatik Filadelfi ki t ap selebre viktwa ekip yo a.

Sete 52èm edisyon Super Bowl la, e se premye gwo viktwa yon ekip spòtif Filadelfi depi 2008, ane kote ekip bezbòl vil la (The Philadelphia Phillies) te ranpòte tounwa nasyonal ameriken an, sa yo rele World Series la.
Anvan ane sa a, dènye fwa Ekip Eagles la te ranpòte tit chanpyon Lig Nasyonal Football ameriken an, sete nan ane 1960 -swa 7 tan anvan yo te òganize premye Super Bowl la.