Steph Curry Se Wa 3-Pointers nan Lig Basketbol Nasyonal Etazini an

Foto Achiv: Steph Curry (30) nan yon match ekip Golden State Warriors ak Chicago Bulls, 29 Mas 2021.

Jwè baskètbol Ameriken Steph Curry ta byen renmen tabli yon reko pou baskèt 3 pwen yo - sa Ameriken yo rele 3-pointers men li pa fe'l devan fanatik li yo nan Kalifoni.

Li te fè'l pito devan fanmi ni epi Ray Allen ak Reggie Miller - 2 nèg ki te kenbe reko a anvan li - san bliye fanatik ki adore misye e ki te prezan nan Madison Square Garden nan Nouyok. Pa mal! Pavre?

"Si ou paka fè'l lakay, sa se definitivman yon Plan B ekselan," Curry deklare Madi swa.

Curry fè 22 pwen, pami yo, 3 three-pointer ki lakoz li ranpote tit jwè NBA ki fè plis 3 pointer pase tout lot jwè nan lig la. Nap raple misye jwe pou Golden State Warriors, yon ekip Kalifoni - e yo bat New York Knicks 105 - 96 yè swa.

Curry fè 2,974èm 3-pointer li 7:33 minit anvan premye peryod match la. Yon kokenn chenn selebrasyon te suiv bèl moman sa a kote misye te kwoke paran li, ko-ekipye li yo epi Allen ki te kenbe reko a pandan 10 zan.