Sitiyasyon an nan Siri Devan Konsèy Sekirite l’ONU an

Sitiyasyon an nan Siri Devan Konsèy Sekirite l’ONU an

15 manb Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap diskite sou kriz Siri a nan moman peyi arab ak oksidantal ap prepare ansanm yon plan pou mete fen nan operasyon sere-boulon Prezidan Bashar al-Assad lanse kont opozisyon an.

Misyon Fransè nan Nasyonzini an anonse sou rezo sosyal Twitter, jedi 26 janvye a, yon rankont dijans Konsèy Sekirite a.

Dapre responsab yo, diplomat yo kapab prepare yon nouvo rezolisyon pou apiye yon plan arab ki mande pou Misye Assad transfere pouvwa a bay Vis-Prezidan an epi fòme yon gouvènman inite nasyonal pou prepare eleksyon yo.