Fos lame peyi Siri a fè konnen twoup li yo repran kontwòl vil Palmyra nan men militan gwoup Eta Islamik la pou yon 2èm fwa.
Lame Siri te repran vil la deja nan mwa mas ane 2016 pase a e li te pèdi kontwòl li ankò an desanm menm ane a.
Yon kominike lame a pibliye fè konnen gouvènman an gen kontwòl tout vil la. Fòs ame Siri a rive antre nan vil la ak sipò avyasyon militè Larisi yo dapre deklarasyon an.
Konbatan Eta Islamik yo te kòmanse chape pou l yo depi nan dimanch, e distans pou rive madi 28 fevriye 2017 pase a, twoup militè gouvènman an te rive arebò Palmyra.
Anvan gè sivil la te pete nan Siri an 2011, Palmyra te yon sant touristik popilè, ki te atire chak ane plizyè dizèn milye vizitè.