Siri : Vyolans Kontinye nan vil Homs, Daprè Militan Dwamoun Omwen 12 Moun Mouri Lendi

Siri : Vyolans Kontinye nan vil Homs, Daprè Militan Dwamoun Omwen 12 Moun Mouri Lendi

Nan Siri, militan dwamoun yo fè konnen owemn 12 moun mouri e plizyè lòt blese nan yon nouvo bonbadman lame lanse nan vil Homs ki nan mitan aktyalite a depi kèk tan deja.

Moun kapab wè gwo lafime k ap leve lendi 6 fevriye 2012 l la divès kote nan vil la kote kout-mòtye yo tonbe.

Okenn sous endepandan poko konfime kantite moun ki mouri yo, paske otorite siryen yo anpeche laprès endepandan travay nan peyi a.

Atak lendi a rive plizyè jou aprè militan yo te rapòte sa yo konsidere kòm yon masak ki fèt nan vil Homs kote, daprè sa yo di, 200 moun pou pi piti ta mouri byen ta vandredi pase a ak nan kòmansman jounen samdi a, nan bonbadman twoup gouvènmantal yo lanse; sanble se ensidan ki fè plis san koule depi mouvman leve-kanpe a te kòmanse sa gen 11 mwa.