Afrik: Yon Inondasyon nan Sierra Leone Lakoz 200 Mò pou Pipiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto ki montre gwo inodasyon nan Sierra Leone nan ki rive jounen lendi 14 out 2017 la.

Otorite gouvènmantal yo nan Freetown, kapital Sierra Leone nan, fè konnen plis pase 200 moun pèdi lavi yo nan yon gwo inondasyon ki debouche sou yon glisman teren.

Katastwòf la rive nan kòmansman jounen lendi 14 out 2017 la apre yon gwo gwo lapli te pase plizyè èdtan ap tombe. Temwen fè konnen yon kolin efondre nan zòn ki rele Regent la, kote wout yo vin tounen larivè labou.

Yon teknisyen nan mòg lopital ki rele Connaught la, Sinneh Kamara, di medya leta Sierra Leone nan, pa gen plas ankò ki rete nan mòg la, kidonk travayè yo sètoblije kite rès kadav yo atè a.