Senatè Repibliken Murkowski, Romney Pral Apiye Nominasyon Jackson nan Kou Siprèm nan

Jij Ketanji Brown Jackson ki ranpote yon nominasyon pou Kou Siprem nan pandan yon rankont ak lapres, Lendi 4 Avril 2022 nan Washington.

Senatè Repibliken Lisa Murkowski ak Mitt Romney di yo pral vote pou konfime "nominasyon istorik" Jij Ketanji Brown Jackson nan Kou Siprèm nan. Anons 2 senatè sa yo ogmante sipo palmantè 2 pati yo eksprime pou premye fanm nwa ki janm resevwa nominasyon pou pos sa a.

Senatè yo anonse desizyon yo anvan vot ki pral dewoule nan Sena a pou avanse nominasyon an. Yap pote kole ak Senatè Susan Collins, ki reprezante eta Maine ki deja di li pral apiye Jackson.

Jij Jackson travay nan yon kou d'apèl federal, e Prezidan Joe Biden nomen'l pou ranplase Jij Stephen Breyer kap pran retrèt li.