Senatè Ameriken yo savonnen responsab rezo sosyal YouTube, TikTok ak Snapchat byen savonnen jodia.
Responsab rezo sa yo te sètoblije reponn kestyon Sena Etazuni sou kisa y ap fè pou pwoteje sekirite timoun ki sèvi ak rezo yo.
Pandan rankont yon sou-komite Sena a k ap travay sou kestyon ki gen rapo ak komès, senatè yo te souliyen ke rezo sa yo koze maladi dijestif, yo ankouraje moun pran dwog, e yo pemèt moun pibliye kontni seksyèl ki vize jenès la.
"Pwoblèm nan klè: Gwo konpayi teknoloji yo vize timoun ak tinedjè yo pou fè lajan," Senatè Edward Markey, ki reprezante eta Massachusetts nan Sena a deklare.
Senatè yo mande dirijan konpayi tech yo tou pou yo apiye yon pwojè lwa y ap prepare pou pwoteje timoun yo sou rezo sosyo yo men gwo zouzoun yo pa vreman pran okenn angajman.