Senatè Repibliken Marco Rubio Kalifye de Pozitif Rankont li ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen Jovenel Moïse (adwat) ak Senatè Repibliken eta Florid Marco Rubio (agoch). Foto: Twitter

Senatè repibliken Mario Rubio retounen Ozetazini apre yon vizit brid soukou li fè ann Ayiti kote li rankontre prezidan Jovenel Moise, lidè politik yo, 2 prezidan chanm palman an ak manm sosyete sivil la.

Dapre yon mesaj prezidan Jovenel Moise mete sou kont Twitter li di rankont la te baze sou ranfòsman relasyon amitye ak kowoperasyon ant Ayiti ak Etazini, sekirite, envestisman ak eleksyon. Senatè Rubio ki te rankontre tou ak prezidan 2 chanm yo mete yon mesaj sou kont Twitter pou l di li te diskite kesyon ki gen pou wè ak fòmasyon yon nouvo gouvènman, nesesite pou gen yon dyalòg fran ak Eleksyon.

Senatè Rubio vizite Ayiti 48è avan prezidan Jovenel Moise al patisipe nan yon mini somè ak Prezidan Donald Trump ansanm ak 4 lòt lidè Karayib la nan rezidans prive lidè ameriken an nan Mar-a-Lago an Florid vandredi 22 mas la.