Ayiti: Komisyon Jistis ak Sekirite Sena a an Favè Asistans pou Fanmi Polisye Ki Tonbe nan Ekzèsis Fonksyon yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Senatè Jean Renel Senatus, prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Sena a.

Yon komisyon senatoryal rankontre ak fanmi plizyè polisye viktim. Polisye sa yo ki pèdi lavi yo pandan y ap ranpli misyon yo ki se pwoteje ak sèvi popilasyon ayisyèn nan, kite non sèlman fanmi ak zanmi dlo nan je, men anpil fwa madanm ak timoun de bra balan, san okenn asistans.

Mèt Jean Renel Senatus, ki se prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Piblik nan Sena a, fè konnen palmantè yo nan komisyon an pran an kosiderasyon doleyans fanmi polisye viktim yo. Li anonse yon soulajman nan pwoblèm fanmi polisye sa yo lavi ap mal mennen. Senatè Senatus di komisyon an pral travay ak Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) yon fason pou chèk polisye viktim yo kontinye al jwenn fanmi yo.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Senatè Senatus la.

Your browser doesn’t support HTML5

Senatè Jean Renel Senatus