Sekretè Deta Blinken, Minis Mayorkas Ale Panama pou Abòde Pwoblèm Migrasyon

Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas, Sekrete d'Eta Antony Blinken, ak Chaje d'Affaires Etazini nan Panama Stewart Tuttle tann komansman yon rankont ak Prezidan Panameyen an Laurentino Cortizo nan Panama city, 19 Avril 2022.

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, ak Minis Sekirite Enteryè a, Alejandro Mayorkas, ale Panama madi 19 avril la pou yo patisipe nan yon somè 2 jou sou imigrasyon ak lòt dosye ki enterese Lèzetazini ak Panama.

Panama tounen yon pwen tranzit pou migran k ap eseye antre Ozetazini e, dapre ajans nouvèl Reuters, yon kantite rekò migran pase pa peyi sa a.

Sou premye ane administrasyon Prezidan Joe Biden nan, Lèzetazini anrejistre yon kantite rekò migran ki eseye travèse fwontyè amerikano-meksiken an. Otorite yo prevwa kantite a pral kontinye ogmante pandan rès ane sa a.

Byen bonè nan kòmansman manda prezidan Biden nan, li te pwomèt pou l atake pwoblèm migrasyon an nan rasin li; li te pwomèt tou yon asistans yon milya 200 milyon dola pou peyi santwo-ameriken yo.

Sekretè Deta Blinken fè yon deklarasyon kote l di:

“Lèzetazini se pi gwo donatè imanitè pami òganizasyon entènasyonal ki nan Panama yo; travay yo se konplete efò gouvènman panameyen an ap fè pou l ofri asistans imanitè ak pwotekyon pou migran ak refijye vilnerab yo. “