Sekretè Jeneral l' ONU an Mande Lidè Mondyal yo Travay Ansann pou Eradike Kowonaviris la sou Latè Beni

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Antonio Guterres

Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, ki t ap pale nan jounen mekredi 8 avril la, fè konnen avèk sa k ap pase jounen jodi a, se pa le moman ditou pou moun ap fè evalyasyon fason lemond ap koresponn, ap reyaji kont pandami kowonaviris la.

Olye de sa, chèf l’ONU an lanse apèl pou l mande lidè yo nan kominote entènasyonal la santre atansyon yo sou travay yo dwe fè nan solidarite pou yo bloke pwopagasyon viris la.

Misye Guterres fè deklarasyon sa a apre prezidan ameriken an, Donald Trump, pa t mete dlo nan bouch li, madi 7 avril la, pou l te kritike l’ONU byen kritike. Pa egzanp, lidè ameriken an akize òganizasyon mondyal la deske li santre atansyon l twòp sou Lachin epitou deske l ap bay moun move konsèy pandan pandemi kowonaviris la kontinye gaye atravè lemond.