Karavàn Migran Santwo-Ameriken an Tounen yon Sijè Politik e Elektoral Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Migran ondiryen, ki fòme yon karavàn pou yo chache antre Ozetazini, te òganize yon manifestasyon pou yo egzije otorite meksiken yo pèmèt rès gwoup la antre nan vil Ciudad Hidalgo, Eta Chiapas, o Meksik, aprè yo te fin kite Guatemala pou yo travèse sou tèritwa meksiken an. (Dat foto a: 20 oktòb 2018).

Karavàn Imigran ki kite Amerik Santral la pou l pran direksyon fwontyè Etazini ak Meksik la, tounen youn nan topik ki pi chofe nan kanpay pou eleksyon palmantè mi-manda ki pral dewoule Ozetazini nan dat 6 novanm 2018 la. Militan anti-imigran yo espere Prezidan Donald Trump va reyisi nan efò l ap deplwaye pou l fè karavàn nan tounen yon ijans nasyonal, wete atansyon elektè yo sou mezantant politik administrasyon n nan pwovoke epi ogmante chans Repibliken yo nan biwodvòt yo.

Pou elektè ki apiye politik liyn di Prezidan Trump sou imigrasyon an, nouvèl ki pale de yon karavàn migran santwo-ameriken ki pran direksyon tèritwa ameriken an --yon ti ponyen semèn sèlman anvan eleksyon mi-manda yo-- reprezante yon veritab kado politik. Se opinyon Dan Stein, lidè òganizasyon "Federasyon pou Refòm nan Imigrasyon Amerikèn nan":

<< Sou plan politik la, afè karavàn sa a ap tounen yon rezon pou chanjman nan entansyon vòt elektè yo; paske pa gen anyen ki pi puisan, ki gen plis fos pou fè w chanje lide w pase yon gwo kokenn kantite migran san kontwòl ki sòti pou anvayi peyi w.>>

Dan Stein, Prezidan Federasyon pou Refòm nan Imigrasyon Amerikèn.

Prezidan Donald Trump ki pa sispann pale de dosye a pandan l ap mennen kanpay pou kèk kandida repibliken, pale pou l di, daprè li, karavàn migran an reprezante yon ijans nasyonal. Nan yon meeting ki t ap dewoule nan Eta Nevada sa pa gen lontan, li pa t pèdi tan pou l fè afè sa a tounen yon tèm politik, yon tèm elektoral. Moun ka wè sa nan pawòl ki nan yon deklarasyon tankou sa a:

“Se Demokrat yo ki vle karavàn sa yo; yo tèlman renmen karavàn sa yo."

Kòm yon repons kif-kif, lidè Demokrat yo deklare sa Prezidan Trump ap fè la a, se tou senpleman detounen antansyon moun pou yo pa fikse l sou kèk dosye ki ka fè Repibliken yo pèdi eleksyon an -dosye tankou kesyon swen sante a. Madam Royce Berstein-Murray, yon konseye nan Konsil Ameriken pou Imigrasyon, pataje pozisyon sa a:

"Mwen panse karavàn nan tounen yon ekskiz pou Prezidan an ranfòse yon diskou ki totalman ostil vizavi imigran yo, k ap avili yo e k ap eseye prezante yo kòm dè kreyati ki pa moun."

Migran santwo-ameriken ki nan karavàn nan.

​N ap raple sa pa gen lontan plizyè milye migran te travèse fwontyè meksikano-gwatemaltek la pou yo antre sou tèritwa meksiken an, an pasan anba fil oubyen aprè yo te fin kraze kloti, brize lantiray ki separe 2 peyi yo. Yon gwo pòsyon nan yo -si se pa tout- refize òf otorite yo nan Meksiko te fè yo pou yo rete nan peyi a. Pi fò migran sa yo si sitwayen peyi Ondiras ki vle vin mande azil Ozetazini yon fason pou yo chape anba vyolans ak mizè ki genyen nan peyi yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Karavann Migran Santwo-Ameriken an Tounen yon Ijans Nasyonal Ozetazini