Rusi: 2 Atak Suisid Bo Kote Ayewopo Kaboul la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon foul moun montre solda Ameriken dokiman yo devan ayewopo Kaboul la nan peyi Afghanistan, 26 Out, 2021.

Gen 2 teworis ak neg ak zam ki vize foul moun kap tann pou yo pran avyon pou kite Afghanistan nan ayewopo Kaboul la. Pandan jou ki pase yo se pa bann e pa paket moun ap eseye kouri kite peyi sa a, ke Taleban an kontwole kounyea.

Otorite Ris yo fe konnen omwens 13 moun mouri e 15 lot blese.

Yon responsab ameriken di atak konplike sa a suman travay gwoup teworis ki rele Eta Islamik la - ki gen kom manm ansyen manm Taleban an ki gen yon pwen'd vu ekstrem sou relijyon Islam nan.

Yon pot pawol Pantagon nan, John Kirby, konfime atak yo fet, e li di youn te vize antre ki deye ayewopo a, tandiske lot la fet nan yon otel ki sitye tou pre'l.

Enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press