Relasyon Militè ant Lèzetazini ak Lachinn

Relasyon Militè ant Lèzetazini ak Lachinn

Responsab defans Lèzetazini ak Lachinn deklare relasyon militè ant 2 peyi yo fè pwogrè e y ap vanse sou yon direksyon pozitiv.

Minis Defans ameriken an Robert Gates ak tokay chinwa li , Jeneral Liang Guanglie soti yon deklarasyon nan Sengapour kote yo t ap fè yon chita-tande anvan kòmansman konferans sekirite Dyalòg Shangri-La a.

Se 5e e dènye patisipasyon Robert Gates kòm minis Defans Etazini nan somè Sekirite Azi a. Delege ki soti nan 27 peyi ap gen pou patisipe nan somè sa a k ap dewoule dimanch k ap vini la a .