Prezidan Latiki a, Recep. T. Erdogan di "Se Arabi Swoudit ki Komèt Asasina Jounalis Jamal Khashoggy"

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Turkish President Tayyip Erdogan addresses members of parliament from his ruling AK Party (AKP) during a meeting at the Turkish parliament in Ankara, Turkey, Oct. 23, 2018.

<<Jounalis Jamal Khashoggi, ki te gen baz li Ozetazini, mouri ansasinen "yon fason sovaj e fewòs".>>

Se deklarasyon prezidan Peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, ki ensiste pou l di se Arabi Sawoudit ki komèt asasina a nan konsila peyi sa a genyen nan vil Istanboul; e pou sa, otorite sawoudyen yo te prepare yon konplo premedite.

Misye Erdogan rejte pawòl ki sòti nan Riyad, kapital Arabi Sawoudit, ki fè konnen se ajan sekrè san fwa ni lwa lòt peyi ki komèt krim nan. Lidè tik la, ki te pran lapawòl madi 23 oktòb la devan palman an nan Ankarra, deklare:

"Tout prèv nou rasanble montre jounalis Jamal Khashoggi resevwa yon lanmò tèrib e sovaj. Si yon moun chache kouvri asasina sa a, li komèt yon zak ki dwe revòlte konsyans tout kretyen vivan."

Jounalis Jamal Khashoggi

Misye Erdogan ajoute:

<<Si yo lage responsablite sa k rive a sou do yon ti ponyen manm sèvis sekirite oubyen ajan sekrè, sa pa p satisfè ni nou menm, ni kominote entènasyonal la. Nou mande pou yo fè nenpòt ki moun ki te pase lòd pou touye Khashoggy a, rann kont pou zak sa a, epi pou moun sa yo kite lajistis jije nan vil Istanboul 18 ofisyèl sawoudyen lapolis deja arete pou wòl yo nan asasina a.>>

Nan Washington, Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, di fason Prezidan Erdogan analize asasina a souliyen detèminasyon administrasyon Trump la pou l konnen egzatteman kisa ki rive. Deklarasyon lidè Tik la fè maten an, pa koresponn ditou avèk deklarasyon rejim sawoudyen an te pibliye anvan sa. Misye Pence ajoute:

Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence.

<< Lemond antye ap gade. Pèp ameriken an bezwen gen repons; e nou ta renmen pou moun ki dwe bay repons yo bay yo san ezite, volontèman.>>

Vis Prezidan ameriken an pale konsa nan yon seremoni ki dewoule nan lokal jounal Washington Post nan Washington, kote jounalis Jamal Khashoggy t ap travay.