13 Fevriye: Jou Entènasyonal Radyo - Plas Radyodisizyon ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Antenn parabolik ki sèvi kòm senbòl medya pale ak televize.

Madi 13 fevriye 2018 la se Jounen Entènasyonal Radyo.Nan okazyon an, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la rankontre avèk jounalis e analis politik Clarens Renois ki pa ezite di radyo rete prensipal medya ayisyen yo itilize pou yo rete okouran sa k ap pase nan peyi yo e aletranje.

Misye Renois di se sa reyalite ye, menm lè moun dwe rekonèt nap viv nan yon epòk kote medya sosyal yo deja tounen yon woutin ki byen chita nan vi yon gwo segman nan popilasyon an ann Ayiti, kote plas televizyon kòm sous enfòmasyon, enstriman edikasyon, enfòmasyon ak detant pa sispann vale teren.

Your browser doesn’t support HTML5

Jean Piere Leroy ak Clarens Renois sou Jounen Entènasyonal Radyo - 13 fevriye 2018

Klike sou lyen anlè a pou w suiv entèvyou Clarens Renois bay jounalis Lavwadlamerik Jean Pierre Leroy.