Pwosè Clifford Brandt la Ranvwaye pou Vis De Fòm

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Clifford Brandt pandan li tap pral reponn kesyon jij nan tribinal Gonayiv la, 30 oktòb 2018. Foto: Korespondan VOA/Exalus Mergenat.

Pwosè k ap refèt kont Clifford Brandt ak 2 lòt akolit li yo nan vil Gonayiv anba akizasyon kidnaping ak asosyasyon malfektè ranvwaye pou 11 desanm swa nan 8 jou pou vis de fòm dapre desizyon tribinal la pran.

Rezon an se pou pèmèt pati sivil gen tan pou l konvoke temwen pou dosye a kapab kontinye. Clifford Brandt, Ricot Pierre Val, ak Calor Bendel Saint-Fort -3 akize yo deja retounen nan penitansye nasyonal.