Rankont Prezidan Donald Trump ak Prezidan Vladimir Putin nan Peyi Fenland

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump ap rankontre avèk lidè Larisi a, Prezidan Vladimir Putin, nan viln Helsinki, peyi Fenland, nan16 jiyè 2018 la.

Prezidan Donald Trump rankontre ak lidè ris la, Vladimir Putin, nan Helsinki, peyi La Fenland -rankont gouvènman 2 peyi yo te anonse depi lontan. Pandan 2 lidè yo te poze pou foto abityèl yo, M. Putin di: "Lè a rive pou nou diskite sou tout rapò bilateral nou yo ... "

An plis kesyon bilatral ant Lèzetazini ak Larisi, Prezidan Putin di fè konnen li-menm ak Prezidan Trump dwe abòde tou "pwoblèm ki poze nan diferan rejyon nan lemond..." Li deklare rankont la fè pati kominikasyon ki ta dwe egziste an pèmanans ant li-menm ak Prezidan Trump.

Prezidan Donald Trump ap bay Prezidan Vladimir Vladimir Putin lanmen nan kòmansman rankont yo a nan Helsinki, Peyi Fenland. (Foto: 16 Jiyè 2018).

Nan yon nòt Prezidan Trump pibliye lendi maten sou kont Twitter li, li di "relasyon ant Lèzetazini ak Larisi "pat janm tonbe nan yon nivo ba tankou jan yo ye kounye a" akoz sa li rele "estipidite Lèzetazini." Men li espere sèvi ak rankont la pou l "kòmanse pote chanjman" nan rapò yo.