Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Sou Wout pou yon Vizit 3 Jou an Frans

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Alphajets ki soti nan baz Air Fòs peyi Lafrans ap patwouye syèl fransè a e lage lafimen dekorasyon ki reflete koulè drapo peyi a, ble, blan ak wouj.

Prezidan Donald Trump, ki pa lontan, te pale de vil Pari an Frans kòm yon vil ki gen ensekirite akoz atak teworis ki te fèt ladann, ap pati jodi mèkredi 12 jiyè 2017 la a pou ale nan kapital fransè a pou l fè chita-koze ak Prezidan Emmanuel Macron sou lit pou konbat teworis, e pou make 100èm anivèsè jou kote twoup militè ameriken yo te antre nan Premye Gè Mondyal la.

Mesye Trump te dekri Pari, sa pa gen lontan, kòm yon vil ki pèdi kontwòl, e ki danjere anpil. Pita li te fè konprann ke atak gwoup Eta Islamik la nan Pari te desann valè vil la kòm yon destinasyon nan nivo mondyal.

Nan yon vwayaj k ap dire 3 jou nan Pari, premye sitwayen ameriken an gen plan rankontre ak nouvo Prezidan Frans la Emmanuel Macron, dejene ak dirijan militè yo , vizite tonm Napoléon Bonaparte. Nan vandredi k ap 14 jiyè, Prezidan Trump pral asiste evènman kap make Jou La Bastille la, ki se yon gwo fèt nasyonal an Frans.