Prezidan Trump Reyafime Entansyon l pou Ogmante Tarif sou Pwodui Kap Soti Meksik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap patisipe nan yon reyinyon sou sekirite fwontalyè nan Calexico, Kalifòni , 5, avril 2019.

Prezidan Donald Trump deklare, nan jounen madi 4 jen 2019 la, genyen yon gwo posibilite pou l enpoze yon ogmantasyon 5% tarif sou pwodui meksiken kap antre sou mache ameriken an, yon desizyon ki dapre lidè ameriken ka antre ann aplikasyon semèn pwochèn nan.

Misye Trump fè anons la nan yon konferans pou laprès li tap bay avèk premye minis britanik la Theresa May. Lidè ameriken an pale konsa menm nan moman otorite meksiken ak ameriken te reyini nan Washington, pou yo negosye sou kesyon tarif la avèk dosye gwo kantite sitwayen santwo-ameriken kap pase pa Meksik pou yo antre Ozetazini.

Rezon ki fè lidè ameriken an deside ogmante tarif yo, se paske li akize otorite meksiken yo dèske yo pa fè ase efò pou yo anpeche imigran sòti nan Amerik Santral la pou yo antre Ozetazini.