Prezidan Trump Rankontre ak Senatè Repibliken yo nan Lamezon Blanch pou Debat Plan Swen Sante a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki tap pale pandan yon reyinyon dejene nan Lamezon Blanch ak senatè repibliken yo sou dosye," Plan Swen Sante a".

Prezidan ameriken an, Donald Trump, egzòte ak tout fòs majorite Repibliken yo nan Sena a pou yo debouye yo jan yo kapab pou mentni pwomès yap fè pèp ameriken an depi 7 tan pou elimine lwa sou swen sante ki pote siyati ansyen prezidan Demokrat la, Barack Obama.

Mesye Trump envite tout 52 senatè repibliken yo nan yon dejene mèkredi 19 jiyè 2017 la nan Lamezon Blanch, yon fason pou abòde dosye lwa swen sante a, swa yon jou apre efondreman efò pati a tap deplwaye pou ranvèse epi ranplase lwa moun konnen anba non Obamacare la.

Genyen yon ti ponyen konsèvatè repibliken ki fè konprann pwopozisyon an pa rive lwen ase pou elimine restriksyon ki mache ak lwa Obamacare la. Youn nan senatè ki pa vle vote sou pwopozissyon lwa repibliken an, se Shekkey Moore Capito, eta Virjini oksidantal ki di li pat vini nan chanm Wot Lèzetazini an pou l fè moun ki te voite li yo di tò.