Azi

Prezidan, Premye Minis Sri Lanka Dakò pou yo Demisyonnen Apre Manifestasyon Tibilan

Manifestan debake nan rezidans ofisyel prezidan Sri Lanka nan Colombo, 9 Jiye, 2022.

Prezidan ak premye minis Sri Lanka dakò pou yo demisyonnen apre yon jounen kawotik ak tibilans politik kote manifestan yo te debake lakay tou le 2 ofisyèl yo epi mete dife nan youn nan biliding yo akoz yo vekse ak kriz ekonomik sevè peyi a ap travèse.

Premye Minis Ranil Wickremesinge deklare Samdi li pral kite pouvwa a osito ke gen yon nouvo gouvènman an plas, e kèk hè'd tan apre lidè Palman an te deklare Prezidan Gotabaya Rajapaksa pral rache manyòk li Mèkredi.

Presyon sou 2 mesye sa yo te ogmante pi plis apre kriz ekonomik la te deklanche rate pwodwi premye nesesite yo epi moun tap redi anpil pou ache manje, gazolin ak lòt nesesite.