Prezidan Fon Monetè Entènasyonal la nan Prizon nan Nouyòk

Prezidan Fon Monetè Entènasyonal-la, Dominique Strauss-Kahn konparèt nan yon tribunal penal nan Manhattan nan Nouyok

Nan Nouyòk, yon jij refize libere sou kosyon prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, ekonomis Dominique Strauss-Kahn, ki anba akizasyon deske li te fè yon atak seksyèl sou yon dam-menajè nan yon otèl nan Nouyòk.

Jij la pran desizyon an lendi 16 me a aprè misye Strauss-Khan ki te parèt trè fatige-- te konparèt devan yon tribinal nan Manhattan pou l te tande akizasyon k ap peze sou do li.

Majistra a pran desizyon an paske li panse gen risk pou misye Strauss-Kahn sove, alòske li byen konnen Lafrans se yon peyi kote otorite yo pa ekstrade sitwayen yo ki gen pwoblèm ak lajistis yon lòt peyi a.

Avoka k ap defann prezidan Fon Monetè Entènasyonal la fè konnen kliyan yo a pa koupab. Pwochen jou pou misye Strauss-Khan prezante nan tribinal ankò se vandredi 20 me ap vini la a.

Ann atandan, otorite yo fè konnen yo kenbe l nan prizon nan yon selil pou yon sèl moun sou Zile Rikers, nan Nouyòk. Si lajistis jwenn li koupab, li kapab pran yon sanstans jiska 25 kan prizon.