Prezidan Eli Martelly ap Kontinye Vizit li nan Washington

  • Jacquelin Belizaire

Prezidan eli Michel Martelly (foto achiv)

Prezidan eli ayisyen an Joseph Michel Martelly twouve l nan kapital federal ameriken an, Washington kote li deja rankontre prezidan Bank mondyal la, Robert Zoellick, ak direktè Fon Monetè Entènasyonal la Dominique Strauss-Khan.

Mesye Martelly ap gen tou pou l li fè chita-tande ak responsab Bank Entè-amerikè Devlopman (BID). Pwen pi enpòtan nan jounen an se rankont prezidan ei a Michel Martelly avèk Sekretè Deta meriken an Hillary Clinton nan Depatman Deta. Aswè a , Mesye Matelly ap rankontre ak kominote ayisyèn Washington nan nan anbasad Dayiti a .

Dapre yon sous pwòch delegasyon ayisyèn nan , lidè ayisyen gen pou l pale mèkredi 20 avril 2011 la sou plizyè medya ameriken .

Virewon sa a ap fini jedi 21 avril la ak yon konferans nan National Press Club la. Dapre biwo mesye Martelly nan Pòtoprens, vizit sa a ap santre atansyon n sou kreyasyon travay, edikasyon, sekirite, rekonstriksyon ak lasante.

Nan premye vizit ofisyèl prezidan eli a, li genyen avèl mèt Gregory e Tierry Mayard Paul( 2 avoka nan ekip jiridik li a ), òm dafè Daniel-Gérard Rouzier, pwofesè Wilson Laleau (Vis Rektè Univèsite Deta Dayiti ) , enjenyè Harold Charles ( k ap dirije yon konpayi konstriksyon isit Washington) ak Stanley Lucas (ansyen reprezantan ann Ayiti Enstiti Repibliken Entènasyonal (IRI ).