Prezidan Donald Trump Pran Dispozisyon pou Wete Lèzetazini nan Akò Komès Patenarya Tras-Pasifik la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Vis-Prezidan Mike Pence, agoch, ak Chèf Lamezon Blanch lan Reince Priebus ki kanpe bò kote Prezidan Ameriken an Donald Trump kap montre lòd ekzekitif li fin siyen an sou akò komèsyal Tras-Pasifik la. Lendi 23 janvye 2017, Washington. (Foto AP/Evan Vucci)

Lendi 23 janvye 2017 la, alòs ke Prezidan Donald Trump te fèk komanse premye semèn li nan biwo l, li siyen dokiman pou elemine akò sou komès lib ki te ekziste ant Lèzetazini ak 12 lòt peyi ki gen kot sou Pasifik la.

Prezidan Trump pale nan Lamezon Blanch pou l di, "Desizyon mwen sot pran an reprezante yon gwo zafè pou pèp Ameriken an.”

Akò komès sa a ki popilè sou non Patenarya Trans-Pasifik la, te pase an 2009 sou Prezidan Obama; men Kongrè a pat janm ratifye l. Yon pakèt palmantè pat vle akò a pase, oubyen yo pat wè byen fonde yon antant komèsyal konsa. Patenarya sa a ta pral pèmèt echanj komès fèt ak Japon, Ostrali, Nouvèl Zeland, Malezi, Chili, Kanada, Meksik, ak 4 lòt peyi .

Jan anpil lòt nouvo prezidan Repibliken te fè l, Prezidan Trump siyen yon lwa pou re-mete sou pye yon entèdiksyon kont pwogram gouvènmantal ki te kon bay òganizasyon entènasyonal yo lajan pou fanm fè avòtman, oubyen pou bay enfòmasyon sou fason moun ka sibi operasyon medikal sa a.