Etazini: Prezidan Trump Pale ak Pèp Ameriken an sou Estrateji l pou Gè an Afganistan an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak pèp ameriken an depi nan yon baz militè, Fort Myer, Virjini, Etazini. 21 out 2017.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, pwononse li nan yon diskou nan fen jounen lendi 21 out 2017 la kote li eksplike rezon ki demontre li nan enterè Lèzetazini pou l mentni angajman li te pran vizavi Afganistan, apre premye sitwayen ameriken an te fin pase yon pakèt tan ap kritike lagè militè peyi li ap mennen pou dechouke teworis sou tè nasyon sis azi a.

Mesye Trump te konsidere gè sa a kòm yon gaspiyaj lajan total kapital. Lokatè Mezon Blanch la fè diskou li a nan yon baz militè tou pre Washington, D.C.

Prezidan an anonse tou deplwaman plizyè milye nouvo sòlda ameriken nan kad yon nouvèl estrateji Lamezon Blanch genyen pou rive detui eksistans gwoup teworis yo ann Afganistan. Prezidan an pat detaye nan diskou plan administration li an genyen pou gè a. Sepandan, li ajoute pou l di:

"Enemi nou yo pa dwe konnen estrateji nou yo. Li kontinye pou l di, lame nou an pa la pou rezoud pwoblèm demokrasi nan lòt peyi nan pwòp enterè peyi sa a. Men nou dwe travay pou konbat fòs fènwa gwoup teworis yo represante a, e asire nou, men yo pa janm to be sou zam nikleyè."