Premye Minis Britanik la, Theresa May, Demisyone

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye Minis britanik la, Theresa May apre li te fin fè diskou pou anonse demisyon l. Lond, Angletè, 24 me 2019. (Foto: AP/Alastair Grant)

Premye Minis Bratanik la Theresa May anonse demisyon l pou mwa jen k ap vini la a. Premye minis May tounen 3èm lidè konsèvatè ki viktim divizyon pati a kòm manm Inyon Ewòp la apre Margaret Thatcher ak David Cameron.

Anons demisyon sa a fèt apre madan May ap fè fas non sèlman ak yon rebelyon men tou menas yon demisyon anblòk kabinè ministeryèl la. Ann atandan pati a nonmen yon nouvo Premye Minis, Madan May ap kontinye dirije gouvènman an e lap k ap gen pou akeyi Prezidan Donald Trump sou teritwa britanik la mwa pwochen an.

Theresa May te rive nan tèt gouvènamn britanik ak objektif pou akonbli Brexit la ki se retire Lagrand Bretay nan Inyon Ewop la. Madam May pa rive jwenn vòt li te bezwen nan Palman an sou Brexit la.