Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, Pran yon Lòt Manda Kriye Viktwa

Premeye Minis kanadyen an Justin Trudeau ak madanm li Sophie Gregoire Trudeau nan Palè Dè Kongrè a nan Montreal, Quebec, Kanad, 22 oktòb 2019.

Premye minis kanadyen a, Justin Trudeau kriye viktwa byen bonè madi 22 oktòb 2019 la, li gen yon dezyem manda nan eleksyon jeneral ki sot dewoule o Kanada a apre pati liberal li a ranmase ase vwa pou l rete sou pouvwa a.

Daprè Radio Kanada pati liberal Trudeau a te sou wout pou l ranpote 157 sièj palmantè li pat reyusi gen 170 siej ki te nesesè pou-l gen yon majorite konplè nan 338 siej ki gen nan palman an.

Misye Trudeau pral gen pou l fòme yon gouvenman kowalisyon avek Neo- Demokrat yo ki te sou wout pou yo genyen 24 syèj.