Plizyè Manifestasyon Dewoule Atravè Lemond pou Make Jounen Fèt Travay la, Premye Me 2017

Moun nan peyi Filipin òganize yon mach sou Plas Palè Prezidansyèl la pou make jounen Fèt Travay la, Premye Me 2017.

' Premye Me' se jou ke tout peyi konnen kòm jou kote travayè ak militan fè mach sou beton an e rasanble nan sant vil yo pou onore travayè toupatou sou tè a.

Moun konnen jou konje a tou kòm Jou Entènasyonal pou Travayè, ki rele Jou Fèt Travay.

Lapolis nan Istanboul arete yon manifestan pandan yon mach nan okasyon Fèt Travay la, Premye Me 2017.

Lapolis nan kapital peyi Tirki, Istanboul, arete plizyè douzèn manifestan ki tap chache defye yon entèdiksyon kont aktivite pou make Fèt Travay la sou Plas Taksin ki enpòtan anpil pou vil la. Plas la bloke pou yon 3èm jou youn deyè lòt.

Sepandan kèk ti gwoup sendika te gen otorizasyon antre sou li pou depoze jèb flè nan yon moniman ki la kote 34 moun te pèdi lavi yo nan yon ensidan Fèt Travay an 1977.