Pozisyon Lèzetazini Devan Degradasyon Sitiyasyon an nan Siri

Nan Washington, nan yon pwen de près pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, bay madi, li fè konnen Lèzetazini pa p anvizaje posiblite pou l ta ame opozisyon siryèn nan

Nan Siri, militan yo fè konnen twoup gouvènmantal yo touye plizyè douzèn sivil nan vil Homs kote y ap kontinye yon syèj ki la depi plizyè mwa. Homs reprezante sant yon mouvman pwotestasyon kont rejim diktatoryal prezidan Bashar al-Assad ki sou pouvwa a depi 11 zan.

Bonbadman ki fèt mèkredi yo dewoule kèk jou sèlman aprè yon seri atak ki te fèt sou vil la kote, daprè militan yo, plizyè santèn moun te pèdi lavi yo. Sous endepandan pa kapab konfime chif ki parèt pou kantite moun ki mouri yo, paske gouvènman siryen an mete gwo baboukèt sou travay laprès endepandan.

Nan Washington, nan yon pwen de près pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, bay madi, li fè konnen Lèzetazini pa p anvizaje posiblite pou l ta ame opozisyon siryèn nan –an tou ka pa pou le moman; li kontinye pou li abòde kesyon pou konnen kisa Lèzetazini anvizaje fè ak gwoup ki rele « Peyi zanmi Siri yo».

Misye Carney di:

“N ap anvizaje posiblite pou n pote asistans imanitè bay Siryen yo e n ap travay ak patnè nou yo yon fason pou n ranfòse presyon an, ranfòse izòlman Assad ak tout rejim li a.”

Pòtpawòl Mezon Blanch la pa t vle antre nan detay sou opsyon otorite ameriken yo ap anvizaje an plis asistans imanitè a. Pou sa ki konsène yon vizit minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrof, fè madi nan Damas, kapital Siri, Misye Carney deklare Larisi fèt pou l konprann: "Si li mete tout ze li nan panye msye al-Assad, l ap fin pa pèdi pari a kanmèm-kanmèm.”