Pòtoriko-Politik: Gouvènè Rossello Anonse Demisyon Li Anba Presyon Popilè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foul ki te rasanble devan palè gouvènmantal la nan San Juan, lendi 22 jiyè 201 9la, pou mande demisyon Gouvènè Ricardo Rossello (Foto: REUTERS/Alejandro Granadillo)

Gwo bravo ak lajwa-lakontantman te eklate nan kapital Pòti Riko a, San Juan, byen ta nan jounen mèkredi 24 jiyè 2019 la apre Gouvènè Ricardo Rosello, k ap fè fas a gwo difikilte, te anonse l ap bay demisyon li apre plizyè jou pèp la te pase ap manifeste kòlè li nan yon gwo mouvman pwotestasyon.

Nan yon mesaj-video Misye Rossello poste sou kont Facebook li, li anonse li pral kite pòs la nan dat 2 dawout 201 la, paske -dapre sa li di: “Reyalizasyon Administrasyon li a t ap tonbe anba gwo menas si li rete sou pouvwa a.”

Ricardo Rossello tounen premye gouvènè Pòtoriken ki bay demisyon l depi pèp zile a te kòmanse eli govènè yo pou la premyè fwa an 1947. Pèsonalite k ap ranplase li se Minis Jistis la, Wanda Vazquez, ki monte nan premye pas la sou lis siksesè yo apre Sekretè Deta a, Luis Rivera Marin, te oblije demisyon l tou poutèt non li mele nan gwo eskandal ki lakoz Gouvènè Rossello pèdi pouvwa a.

Ricardo Rossello nan yon mesaj-video ki te parèt nan kòmansman jounen jedi 25 jiyè 2019 la, nan San Juan, Pòtoriko, kote li t ap anonse demisyon li. (Foto: Koutwazi REUTERS)

Plizyè milye moun ki te rasanble devan rezidans ofisyèl gouvènè a nan katye istorik San Juan nan te òganize yon fèt popilè san preparasyon kote yo t ap rejui, yo t ap manifeste lajwa-lakontantman yo imedyatman apre mesaj-video Misye Rossello a te fini ; yo t ap chante, yo t ap danse pandan yo t ap fè flote ti drapo ki nan nan men yo.

Se avèk gwo plezi tou Majistra San Juan nan, Carmen Yulin Cruz, resevwa nouvèl la; li te deja anonse plan li genyen pou l poze kandidati li an fas Ricardo Rossello nan eleksyon ki fikse pou ane pwochèn nan. Madam Cruz ekri sou kont Twitter li :

« Se yon veritab onè pou mwen fè pati yon peyi kote moun yo san pè, san krent, e yo pran lari nan kad yon aksyon ki chita vrèman sou espwa ak diyite. Se sèlman yon kòmansman. VIV PÒTORIKO ! »