Sena Ameriken an Konfime Mike Pompeo kòm Nouvo Sekretè Deta

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Mike Compeo devan Sena a kote komisyon afè etranjè a t ap poze l kesyon sou kalifikasyon li pou l okipe plas Sekretè Deta a.

Sena ameriken an vote jedi 26 avril 2018 la pou l konfime Mike Pompeo kòm nouvo sekretè deta Lèzetazini nan plas Rex Tillerson. Te vin gen tansyon nan rapò ant Prezidan Trump ak Misye Tillerson avan chèf diplomasi sa a te kite Depatman Deta a mwa pase a.

Pi fò senatè demokrat yo vote kont M. Pompeo, paske yo kwè pozisyon pollitik li ak deklarasyon pwovokan li te fè nan le pase sou gwoup etnik yo, fè l repezante yon move chwa pou okipe plas chèf diplomasi Lèzetazini an.

Daprè Repibliken yo, rapò sere M. Pompeo genyen ak Prezidan Trump va ede l pran desizyon ki gen enfliyans nan domèn politik etranjè a, epi repitasyon li kòm yon bon administratè lè l tap dirije CIA ta kapab sèvi pou relve moral fonksyonè yo nan Depatman Deta a.

Konfimasyon sa a bay Mike Pompeo posiblite pou l asiste yon rankont Minis Afè Eteranjè peyi manm l'OTAN yo nan vil Briksèl, nan La Beljik, vandredi 27 avril la. Gina Haspel, chwa Prezidan Trump pou plas nouvo direktè CIA, ap ranplase Pompeo nan tèt ajans la kòm direktè pwovizwa.