Plizyè Douzèn Avoka Ayisyen Fè yon Sit-In Devan Rezidans PM Ariel Henry

Your browser doesn’t support HTML5

Avoka Bawo Pòtoprens pwoteste devan Primanti a pou mande deplasman Pakè Tribinal Sivil la. Matiado Vilme

Dè douzèn avoka Ayisyen fè yon sit-in devan rezidans Premye Minis Ariel Henry a Vandredi pou pwoteste kont ensekirite a nan kapital la, Potoprens.

Avoka yo di yo santi yo menase akoz prezans gang yo ki ogmante epi pakèt zak vyolans kap komèt tou pre tribinal la, anba lavil Potoprens.

Yo di premye minis lan pa di krik sou yon pwopozisyon yo te voye ba li mwa pase a kote yo mande'l jwenn yon konte pi sekirize pou yo ka travay.

Zak vyolans ak kidnaping ogmante anpil ann Ayiti e sa lakoz sitwayen yo ak gwoup politik te pran lari pou manifeste pandan semèn ki pase yo.

Yon lot kote, ONG Medsen San Frontyè te anonse pi bonè semèn sa a ke lap fèmen lopital li nan Cite Soleil akoz menas anplwaye yo sibi epitou pasyan yo.

Yon ti tan apre asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiye 2021, Henry te monte nan pos premye minis la. Depi lè a Ayiti poko rive rezoud pwoblèm ki lakoz enstabilite politik la.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press