Plis Pase 800 Migran Ayisyen ki Ateri Kiba ap Viv nan Sant Pwovizwa

Migran Ayisyen fè la ke pou pran ti dejene nan yon sant pwovizwa nan Sierra Morena, pwovens Villa Clara peyi Kiba, Jedi 26 Me 2022.

Kiba sove 842 Ayisyen ki te ateri nan bato sou kòt nò peyi a. Kounyea, moun sa yo ap viv nan yon sant pwovizwa.

Migran yo tap eseye rive Ozetazini men bato a ateri Kiba pito. Ayisyen yo di yo tap kouri pou zak vyolans e ke kontrebandye yo egzije yo peye plizye milye dola pou monte nan bato ki tapral transpòte yo epi apre sa yo abandone yo nan mitan lanme Karayib la.

Maximaud Cherizard te pale ak Associated Press an panyòl.

"Moun sa yo desevwa nou paske nan ka pa'm yo di nou bato a te gen ant 250 ak 300 moun ladann maksimom. Pou mwen sete yon gwo bato e li te nòmal pou ta gen jiska 300 moun, men le nou te nan bato a nou pat konnen ki kantite moun ki tap antre apre nou," misye esplike.

Cherizard di jounalis la li gen 34 an e li se yon enjenye. Bò kote li, te gen Loverie Horat, manman ni ak pitit fi li Maylie ki poko gen yon mwa.

Loverie Horat a goch, chita bo kote manman ni ki kenbe pitit fi li ki poko gen yon mwa, an palan de Maylie Dhavavaise pandan ke mari li, Maximaud Cherizad ap gade, nan pwovens Villa Clara, Kiba, Jedi 26 Me 2022.

Otorite Kiben yo di se pi gwo gwoup migran Ayisyen ki rive sou kote peyi a nan moman plis moun ap kouri kite Ayiti akoz zak vyolans gang yo ak lòt pwoblem peyi a ap konfwone.

Pou kounyea, yap viv nan yon sant pwovizwa ki se yon kan pou sezon ete a e yo an izolman kòm mezi prekosyon sanite.

Dapre migran yo gwoup la kite Il La Toti nan nò Ayiti apre yo te pase 2 mwa sou zile a ap tann vwayaj la. Yo di yo te tande te gen opòtinite pou ale Florid e ke yo te peye plizye milye dola.

Yon bato pi piti te mennen yo sou yon pi gwo bato Samdi maten e kontrebandye yo te pran telefonn yo paske yo di Gad Kòt Ameriken te ka detekte siyal la.

Yon migran Ayisyen resevwa swen yon dokte nan yon kan pwovizwa kote yo mete yon gwo gwoup Ayisyen ki rive sou kot peyi a nan yon bato. Migran yo sitye nan Sierra Morena nan pwovens Villa Clara, Kiba.

Pandan jou yo te sou lanme, gen 15 moun ki lage kò yo nan lanme a nan moman kondisyon yo te vinn pi grav.

Nan gwoup la te gen 70 timoun, pami yo ti bebe.

Otorite yo di se kouran lanme a epi gwo van ki te lakoz yo te ateri sou kòt Kiba.

Gad Kòt Ameriken entesepte yon afe 4,500 migran Ayisyen depi mwad Oktòb 2021.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press